Pa gen sekrè nan fè podcast: 51% pale seryeu 49% pale kleukleu Epi, Tchilaks!
Epizòd 90 la se yon Ti Bat Bouch sou aktyalite politik resan yo avèk Jean Luc epi Dimitri.
ENJOY!
Nan epizòd 89 la, timesye yo te gen onè resevwa 2 "amies" podcast la ki se Castrandre ak Dahana pou te debat yon sijè ke yon lòt "amie" chè podcast la te reklame: Koup kap VIV ANSANM nan kay!
Se te yon bon deba paske te gen vèsyon 2 gason ak vèsyon 2 fi, te gen tou 2 ka de koup ki pap viv ansanm ankò ak 2 ka kote koup yo toujou ap viv ansanm.
Pandan yo tap Tchilaks, yo pase sou pèsepsyon granmoun ak anpil moun jouk jounen jodia sou f...
Nan epizòd 88 la, ti mesye yo ansanm ak Jefferson te kòmanse pase sou kèk news ki nan lari an semèn sa e yo te klotire epizòd la nan pale de atis Wendyyy ki se yon atis ayisyen ki pase de prezantasyon ak nouvo album li ki soti ki rele “3”.
Sou panèl la opinyon yo sou atis la, kapasite'l pou'l ekri ak delivre divèje.
Te gen bèl ti diskisyon ki fèt tou sou rap kreyòl an jeneral.
Enjoy!
Lè de moun marye, youn entegre fanmi lòt men se pa tout fwa entegrasyon sa a konn fasil.
Aprè yon ti rale mennen vini sou epizòd semèn pase a epi yon ti pale sou fim "Kidnapping Inc" lan, ti mesye yo avèk Jefferson te diskite de relasyon avèk ansyen bèlmè, nouvo bèlmè, brèf bèlmè an jeneral...
Pwendvi a, evidaman, se relasyon gason ak bèlmè yo ki se yon relasyon ki trè detèminan nan “sante” relasyon ak madanm yo.
Jodia pandan yap tire...
Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc.
Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa nou te wè yon fim lakay, emosyon li te leve lakay nou, ak jan li te fè nou santi nou reprezante sou gran ekran an. Chak moun te gen fim pa...
Yon ti deba sou èske Johalex ak Lhee gen menm pwojè sa ke tout ayisyen toujou genyen pou yo retounen al viv lakay yo Ayiti.
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo.
Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc...
Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a 😂
Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo.
Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a.
Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon so...
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo.
Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a.
Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la.
Enjoy!
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so...
ENJOY! 😅
ENJOY epizòd 80 an menm jan nou te enjoy anrejistre'l. 😊
Li baze sou kòmantè ke 2 BON zanmi podcast la te kite anba epizòd 79 la!
Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️!
Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune!
Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.”
Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka apwoche yo.
Panèl la fè yon bèl job pou mete yo nan diferan senario yo epi tire nan eksperyans pèsonèl yo pou fè analiz la.
Evidaman apwòch y...
Semenn sa Thierry ak El Jeffe te patisipe nan yon konferans kote yo tap aprann yon nouvo skill. Anplis de nouvo skill sa, Thierry te pataje ak Johel ke li te tou profite fe yon ti NETWORKING.
So nou tou konprann poukisa epizòd 78 se sou sijè sa li tou chita 😂
ENJOY epi pase yon BÒN semèn avèk TCHILAKS!
ENJOY premye epizòd ki pa epizòd bonus ki baze, de kòmansman jiskalafen, sou komantè youn ou plizyè zanmi podcast la kite pou timesye yo: BF4F!
Dabitid timesye yo just pase byen vit sou komantè yo epi remèsye moun ki kite yo a nan yon epizòd bonus men fwa saaaa… timesye yo pran san yo ak tan yo pou dekòtike 2 komantè byen spesifik epi fè yon deba sou yo antreyo.
Spesyal remèsiman a Moumoune ak Pamela pou premye epizòd BF4F la!
Enjoy epizòd bonus sa kote Johel ak Thierry ap pase sou kòmantè kèk zanmi podcast la te kite anba kèk ansyen epizòd.
Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️
Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan 😈 nou pap antre nan tròp detay.
Aktivite sa anpil fwa vini ak yon strès pou mesye yo kote yo DWE byen pase. Egzijans sa jeneralman fè yo fè apèl ak yon seri de sibstans pou ede yo byen pèfòme pami yo nou ka site LEOMESSI a.
Se sou sa ti mesye yo ak Jeff te debat n...
Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph.
Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann yo.
Epizòd 75 la se yon opòtinite pou panèl la men tou odyans Tchilaks lan gade kijan mank ankadreman sitou nan domèn spò kontinye tiye anpi...
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a.
Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan.
Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis.
ENJOY!
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl.
Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole.
Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an.
Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a.
Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon...
Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA!
Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a.
Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li.
Dènye semèn sa yo bagay la te pran yon lòt nivo. Fanmi Benjamin an vle ke madanm Mika ba yo (remèt yo) dwa sou tout zèv atis la men madanm li kanp...
I’m Jay Shetty host of On Purpose the worlds #1 Mental Health podcast and I’m so grateful you found us. I started this podcast 5 years ago to invite you into conversations and workshops that are designed to help make you happier, healthier and more healed. I believe that when you (yes you) feel seen, heard and understood you’re able to deal with relationship struggles, work challenges and life’s ups and downs with more ease and grace. I interview experts, celebrities, thought leaders and athletes so that we can grow our mindset, build better habits and uncover a side of them we’ve never seen before. New episodes every Monday and Friday. Your support means the world to me and I don’t take it for granted — click the follow button and leave a review to help us spread the love with On Purpose. I can’t wait for you to listen to your first or 500th episode!
The World's Most Dangerous Morning Show, The Breakfast Club, With DJ Envy And Charlamagne Tha God!
The official podcast of comedian Joe Rogan.
The latest news in 4 minutes updated every hour, every day.
The Clay Travis and Buck Sexton Show. Clay Travis and Buck Sexton tackle the biggest stories in news, politics and current events with intelligence and humor. From the border crisis, to the madness of cancel culture and far-left missteps, Clay and Buck guide listeners through the latest headlines and hot topics with fun and entertaining conversations and opinions.