Ti koze Lespwa🎙️

Ti koze Lespwa🎙️

"2 3 ti koze lespwa pou n rive kenbe, vanse epi grandi chak jou..."😉 Rejwenn Melissa Valme chak vandredi pou yon ti bat bouch sou yon sijè ki enpòtan pou li e petèt ki ap fè sans pou ou tou...ki ap enterese w, ki ap fè deklik la... Ann pa jennen pale emosyon, santiman, relasyon moun ak moun, sosyete, etc... Ann pa sèlman itilize mo yo pou n blese epi detwi... Ann itilize enfòmasyon ki disponib pou n bati tèt nou... Ann pote LESPWA ak sa nap pale! Ann pataje LESPWA!

Episodes

August 14, 2023 • 10 mins

Dènye mwa sa yo nou tap pale de konfli. Nou te wè kisa konfli ye, kisa k ka lakoz li, konsekans li, pwosesis pou w rezoud li, etc...Semèn sa a, dekouvri yon rezime de tout sa nou te di yo.

Ou ka toujou retounen tande epizòd yo grenn pa grenn si w vle plis detay.

Epizòd semèn sa a tou make fen premye sezon pòdkas Ti Koze Lespwa. Mèsi paske w te ak nou e nap ba w randevou pou yon dezyèm sezon...

Mark as Played
Eksperyans dènye lane sa yo aprann mwen anpil leson; e genyen ladan yo m swete mte konnen pi bonè, paske sa tap fè yon gwo diferans nan lavim. Nan epizòd spesyal sa, ma p pataje yo ak ou e mespere yo ede yon moun...
Mark as Played
Semèn pase nou te wè kisa D ak E a ye. Nan epizòd sa, n ap pale de S ak C a.
Mark as Played
June 30, 2023 • 12 mins
Nan kad rezolisyon konfli, kominikasyon toujou prezan. Sepandan gen de moman echanj yo ap fòmèl e wap bezwen planifye epi striktire yo. Youn nan metòd ki ka ede w fè sa se metòd DESC. Nam epizòd sa nap pale de metòd sa e 4 etap li genyen yo...
Mark as Played
June 23, 2023 • 16 mins
Evolwe ak moun mande pou w pran chak sitiyasyon pou sa l ye... Ou pa ka gen ide fije, paske chak moun diferan. Se menm bagay lè w ap rezoud konfli, sitiyasyon yo pap janm menm...men sa pa anpeche w ka gen yon plan pou w epi wa adapte l ak moun yo epi sitiyasyon an. Nan epizòd sa nou diskite 6 etap ou kab itilize pou w rezoud konfli...
Mark as Played
June 11, 2023 • 5 mins
Anpil moun ap fòse souri epi anndan kè yo ap rache...yo di yo byen epi zòrye yo pa fouti rete sèch... Ann toujou pataje jantiyès ak moun nou kwaze, paske nou pa konn sa yap viv...
Mark as Played
Eske jesyon ak rezolisyon konfli se menm? Eske yo diferan? Ki diferans sa? Nan epizòd sa, nap pale de kisa jesyon ak rezolisyon konfli ye...
Mark as Played
June 2, 2023 • 7 mins
Sa se dezyèm pati epizòd nou sou konsekans konfli. Nou pale de konsekans pozitif konfli kapab genyen...
Mark as Played
May 26, 2023 • 6 mins
Konsekans se rezilta yon sitiyasyon, yon aksyon, yon pawòl, etc... Se tout sak vini kòm retonbe. Nan epizòd sa, ann wè ansanm kisa yon konfli ka pwodwi kòm konsekans...
Mark as Played
May 19, 2023 • 5 mins
Nan epizòd sa nap wè 3 dènye konpòtman moun konn genyen lè yap fè fas a konfli... Pa bliye atitid yo pa fije, yo gendwa varye ak moun yo, kontèks la epi anje yo...
Mark as Played
May 12, 2023 • 4 mins
Nan epizòd sa, nap pale de kèk konpòtman moun konn genyen lè yap fè fas ak konfli. Yo varye men nou chwazi 6 ladan yo...
Mark as Played
May 5, 2023 • 3 mins
Twa (3) dènye kategori konfli ki genyen. Na p envite w tande epizòd semèn pase a pou w konn de (2) premye yo...
Mark as Played
April 28, 2023 • 4 mins
Fòk nou aprann repere konfli si n vle gen kapasite prevwa, antisipe e jere l... Nan epizòd sa, ann wè ansanm divès kategori konfli ki genyen.
Mark as Played
April 21, 2023 • 4 mins
Konfli se yon sitiyasyon tansyon ant de (2) osinon plizyè moun. Ann wè ansanm sak ka kreye sitiyasyon tansyon sa...
Mark as Played
April 14, 2023 • 2 mins
Nou pa toujou byen wè konfli. Genyen nan nou ki menm pè l... Men konfli se yon bon okazyon pou w idantifye pwoblèm ou pat konnen ki te la, pou w konn kisa lòt moun vle e pou w jwenn bon solisyon. Manman koze a se konn kijan pou w jere konfli... Kisa konfli ye?
Mark as Played
April 5, 2023 • 3 mins
Ann pa pran pou aki ke moun ki bò kote n yo ap toujou la. Ann pa tann pita pou n di yo nou renmen yo, ann pa tann pita pou n di yo yo konte...
Mark as Played
March 31, 2023 • 4 mins
Chak moun inik, chak moun gen yon jan yo reaji fas a pwoblèm. Ann pa minimize emosyon moun sou pretèks nou gen pi gwo pwoblèm...
Mark as Played
March 25, 2023 • 3 mins

Ou vle konn de kisa nou te pale nan seri "Estime de soi" a? osinon w vle gen yon èd memwa? Founi je gade epizòd bonis sa...!

Mark as Played
March 17, 2023 • 3 mins
De (2) dènye engredyan nan lis 10 engredyan ou kab itilize pou w bati estim ou...
Mark as Played
March 10, 2023 • 3 mins
7èm ak 8èm engredyan nan lis 10 engredyan ke w kab itilize Pou w bati estim ou. Pa janm bliye ke moun gendwa pa konprann ou e fòk ou pare Pou w fè fas a konfli.
Mark as Played

Popular Podcasts

    If you've ever wanted to know about champagne, satanism, the Stonewall Uprising, chaos theory, LSD, El Nino, true crime and Rosa Parks, then look no further. Josh and Chuck have you covered.

    24/7 News: The Latest

    The latest news in 4 minutes updated every hour, every day.

    Crime Junkie

    Does hearing about a true crime case always leave you scouring the internet for the truth behind the story? Dive into your next mystery with Crime Junkie. Every Monday, join your host Ashley Flowers as she unravels all the details of infamous and underreported true crime cases with her best friend Brit Prawat. From cold cases to missing persons and heroes in our community who seek justice, Crime Junkie is your destination for theories and stories you won’t hear anywhere else. Whether you're a seasoned true crime enthusiast or new to the genre, you'll find yourself on the edge of your seat awaiting a new episode every Monday. If you can never get enough true crime... Congratulations, you’ve found your people. Follow to join a community of Crime Junkies! Crime Junkie is presented by audiochuck Media Company.

    The Clay Travis and Buck Sexton Show

    The Clay Travis and Buck Sexton Show. Clay Travis and Buck Sexton tackle the biggest stories in news, politics and current events with intelligence and humor. From the border crisis, to the madness of cancel culture and far-left missteps, Clay and Buck guide listeners through the latest headlines and hot topics with fun and entertaining conversations and opinions.

    Dateline NBC

    Current and classic episodes, featuring compelling true-crime mysteries, powerful documentaries and in-depth investigations. Follow now to get the latest episodes of Dateline NBC completely free, or subscribe to Dateline Premium for ad-free listening and exclusive bonus content: DatelinePremium.com

Advertise With Us
Music, radio and podcasts, all free. Listen online or download the iHeart App.

Connect

Š 2025 iHeartMedia, Inc.